The Madonna of the Streets
Mary's Rosaries

Home Page

Contact Us

Make a Payment, Methods of Payment, Refund and Exchange Policies

Rosaries
subpages:

How to Pray the Rosary
subpages:

Pictures Main Page
subpages:

Curriculum
subpages:

Website Terms of Use

License Agreement

Sitemap


The Work of God's Children

Créole Rosary Prayers
This language is also known as Haitian Creole French, Kreyol, and Aiysyen.
This language is spoken by about 7,000,000 people in Haiti.  It is also spoken in the Bahamas, Cayman Islands, Dominican Republic, French Guiana, Guadeloupe, and Puerto Rico.

See also The Work of God's Children page for the illustrated version of prayers in this language.

O non Papa a / Sign of the Cross
(Haitian)

O non Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen An! Amèn!

Kredo Apot / The Apostles' Creed / Credo
(Haitian)
Mwen kwè nan Bondye, Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li kreye syèl la ak tè a.
Mwen kwè nan Jezi Kri, sèl pitit Bondye.
Li se Granmèt nou an.
Se pa pouvwa Lespri Sen an kò li vin fèt nan vant Mari ki vyèj e li tounen yon moun.
Li soufri sou rengn Pons Pilat, yo klourel' sou kwa a,
Li soufri e yo antere li.
Li desann kote mò yo te ye a.
Sou twazyèm jou li leve byen vivan sot nan pami mò yo.
Li monte nan syèl la e li chita adwat Papa a ki gen tout Pouvwa.
Li gen poul' retounen pou jije ni moun k'ap viv ni moun ki mouri.
Mwen kwè nan Lespri Sen an.Mwen kwè Legliz la Sen e li la pou tout moun.
Mwen kwè tout byen zanmi Bondye yo fè sèvi lòt yo.
Mwen kwè peche yo jwenn padon.
Mwen kwè kò moun ki mouri yo va leve byen vivan.
Mwen kwè nan lavi ki pap janm fini an.  Amèn.


Papa nou / Our Father / Pater Noster
(à la Messe)
(Haitian)

Papa nou ki nan syèl la,
Se pou yo rèspekte non ou;
Se pou yo rekonèt se ou ki Rwa;
Se pou volonte ou fèt sou tè a tankou nan syèl la.
Pen nou bezwen chak jou a, ba nou li jodiya,
Padonen sa nou fè ou tankou nou padone moun ki fè nou kichoy.
Pa kite nou pran nan pyèj, men delivre nou ak sa ki mal. Amen

Papa Nou / Our Father / Pater Noster

Papa nou ki nan Sièl-la,
Sé pou yo réspékté non ou,
Sé pou yo
rékonet sé ou ki roua,
Sé pou
volonté ou fèt sou tè-a tankou nan Sièl-la.
Pin nou bézouin chak jou-a ban nou li jodi-a.

Padoné sa nou fèou,
tankou nou padoné moun ki fè nou ki chòy.
Pa kité nou pran nan pièj,
Min délivré nou ak sa ki mal.
Amen.


Another version of
Papa Nou / Our Father
Papa nou ki nan sièl la,
ké non ou va sanktifié.
Rouayom ou vini.
Ké volonté ou vi-n fèt sou la tè,
minm jan li yé nan sièl la.
Ba nou jodi-a pin mou bézouin chak jou.
É Padonnin dèt nou yo,
tankou nou padonnin moun you ki doué nou.
Pa minnin nou nan tantasion,
min délivré nou anba malin an:
paské rouayom , é puisans, é la gloua sé
pou ou pou toujou.
Amèn.

Another version of
 Papa Nou / Our Father :
Papa nou ki nan syèl la.
Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
Vin tabli gouvènman ou,
pou yo fè volonte ou sou latè,
tankou yo fè l' nan syèl la.
Manje nou bezwen an, ban nou l' jòdi a.
Padonnen tout sa nou fè ki mal,
menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Pa kite nou nan pozisyon pou n' tonbe nan tantasyon,
men, delivre nou anba Satan.
Amèn.
 Doxology
Paske, se pou ou tout otorite,
tout pouvwa ak tout lwanj,
depi tout tan ak pou tout tan.

Another version of
 Papa Nou / Our Father :
(Haitian Creole French)
Papa nou ki nan syel la,
Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
Vin tabli gouvènman ou,
pou yo fè volonte ou sou latè,
tankou yo fè l nan siel la.
Manje nou bezwen an, ban nou l jòdi a.
Padonnen tout mal nou fè,
menm jan nou padonnen moun ki fè nou mal.
Pa kité nou nan pozision pou n tonbé nan
 tantasion,
men, délivré nou anba Satan.
Amèn.

Doxology

[Pas, se pou ou tout otorite, tout pouvwa
ak tout lwanj, dépi tout tan ak pou tout tan.]


Another version
of
 Papa Nou / Our Father :

9b  Papa nou, ki nan sièl:

ké non ou jouinn tout réspè.

10 Ké règn ou vini. Ké volonté ou akonpli sou tè a tankou nan sièl.

11 Ban nou, jodi a, pin chak jou nou.

12 Padonnin nou péché nou, tankou nou padonnin moun ki ofansé nou.

13 Pa minnin nou nan tantasion, min délivré nou an-ba malin an.


Mari se pou kontan / Hail Mary / Ave Maria
Mari se pou kontan.
Ou menm ki plen favè,
Granmèt la avèk ou.
Li beni ou pase tout fiy,
E li beni Jezi, pitit ou fè a.
Mari, ou sen,
Ou se Manman Bondye, nou se pechè.
Lapriyè pou nou jodiya
Ak lè nou prèt pou nou mouri.  Amèn.



Mari se pou ou kontan / Hail Mary
Mari se pou ou kontan
Ou menm ki plen farè
Granmèt la avèk ou
Li beni ou pase tout fi
E, li bemi Jezu pitit ou fè a
Mari ou sen, ou se manman Bondye
Nou se pechè
La priyè pou nou jodya
Ak lè nou prèt pou mouri.  Amèn.

Viv Papa a / Glory Be / Gloria Patri

Viv Papa a, ak Pitit la, ak Lespri Sen an !
Kòm o kòmansman, ni jodi a, ni toulejou epi tout tan gen tan. Amèn !

Jezi O / Oh, My Jesus (Fatima Prayer)
Jezi O, padone peche nou, sove n anba dife lanfè, Mennen tout noun nan syèl, sitou sa ki pi bezwen kè sansib ou a.

Salu, Rèn / Hail, Holy Queen / Salve Regina


Salu, Rèn, Manman kè sansib, lavi nou, plezi nou, espwa nou, salu.
Kote ou n'ap rele, nou menm pitit Èv yo ki egzile yo.
Kote ou n'ap plenn, n'ap plenyen, n'ap kriye nan bafon dlo je sa a.
Ebyen avoka nou, vire je kè sansib ou kote nou.
Apre egzil sa a montre nou Jezi, fwi vant ou a ki beni an.
Ou menm ki sen, ou menm ki bon, Mari ki Vyèj.



Misteria Rosarii / Mysteries of the Rosary
CHAPLÈ / The Holy Rosary /  Le Rosaire 


Mistè Kè kontan / The Joyful Mysteries / Mystère joyeux

Lè Lendi ak  samdi / Monday and Saturday / (Lundi et samedi)

1. Anonsyasyon [Annunciation / Annonciation]

2. Vizitasyon [Visitation]

3. Nativite [Nativity / Nativité]

4. Prezentasyon Jezy nan tanp la [Presentation in the Temple / Présentation au Temple]

5. Josèf ak Maro jwenn Jezi ke yo te panse pèdi [The Finding of Jesus in the Temple / Recouvrement]

Mistè fè klè / The Luminous Mysteries / Mystères lumineux

Lè jedi / Thursday / Jeudi

6. Batèm [The Baptism of Jesus / Baptême de Jésus]

7. Nòs Kana [Teh Miracle at Cana / Noces de Cana]

8. Premye predikasyon [Proclamation of the Coming of the Kingdom of God / Annonce du Royaume et appel à la conversion]

9. Jezi transfigurasyon devan premye disip li yo [Transfiguration]

10. Premyè mès ak discip li yo[Institution of the Holy Eucharist / Institution de l'Eucharistie]

Mistè de doulè  / The Sorrowful Mysteries / Mystères douloureux

Lè Madi ak vandredi / Tuesday and Friday / Mardi et vendredi

11. Agoni nan jaden jetzemani [Agony in Gethsemane / Agonie à Gethsémani]

12. Yo bat Jezi Flajelasyon [Teh Scourging / Flagellation]

13. Yo mete yon kouròn epin sou tèt li [The Crowning of Thorns / Couronnement d'épines]

14. Yo fèsl pote kwa a [The Carrying of the Cross / Portement de Croix]

15. Jezi mouri sou kwa a [Jesus dies on the Cross / Mort de Jésus sur la Croix]



Mistè de glwa / The Glorious Mysteries / Mystères glorieux

Lè Mèkredi ak dimanch  / Sunday and Wednesday / Mercredi et dimanche

1. Jezi resisite [Resurrection / Résurrection]

2. Jezi monte nan syel [Ascension]

3. Lespri Sen desann sou apòt yo [Pentecost / Pentecôte]

4. Mari monte nan glwa papa a [The Assumption / Assomption]

5. Mari resevwa rekonpansans li nan nan Men Papa a ki fè Rèn nan syèl la
[The Coronation of Our Blessed Mother / Couronnement de Marie dans les cieux]

How to Pray the Rosary

Kouman pou nou Lapriyè Wozè a (osinon chaplè, Lè se i mèvèy yo nou rele 1 chaplè, lè se 20 mèvèy yo nou rele 1 wozè.)

  1. Fè siy lakwa epi deklare lafwa n daprè Kredo Apot yo.

  2. Fè Lapriyè "Papa nou ki nan syèl la."

  3. Fè Lapriyè "Mari se pou kontan" 3 fwa

  4. Fè Lapriye "Viv Papa ak Pitit la ak Lespri Sen an"

  5. Anonse premye mèvèy Bondye fè a—epi fè Lapriyè "Papaa nou ki nan syèl la."

  6. Fè Lapriyè "Mari se pou kontan 10 fwa etan w ap reflechi sou mèvèki te pase yo.

  7. Fè Lapriyè "Viv Papa ak Pitit la ak Lespri Sen an"

  8. Anonse dezyèm mèvèy Bondye fè a –Lapriyè "Papa nou ki nan syèl la" Repete nimewo 6 la ak nimewo 7 la epi kontinye avèk twarzyèm, katriyèm, e senkyèm mèvèy Bondye fè a nan menm fason an.


Haitian Creole Song

Papa, m’adore ou/Father, I adore you

Papa, m’adore ou.

Papa, m’adore ou.

koume m’renmen ou.


Father, I adore you.

Lay my life before you.

How I love you.


Jezi, m’adore ou.

poze vi’m pou seviou.

Koume m’renmen ou.


Jesus, I adore you.

Lay my life before you.

How I love you.


Lespri, m’adore ou.

poze vi’m pou serviou.

koume m’renmen ou.

Spirit, I adore you.

Lay my life before you.

How I love you.





Jou Lannit Sa / Silent Night / Stille Nacht


Jou Lannuit Sa, Tout Sen Nan Syél
Desann Soa Té Pou Fé you Sél
Ak Tout Pép Vanyan Kape Lite
Pou Lapé, Jistis Ak Libéte
Kab Vin Rév tout Kretyen Vivan
Ki Pran Mari Kóm Manman

Creative Commons License
The contents of this webpage are licensed under a Creative Commons Attribution 3.0 License.
Valid HTML 4.01 Transitional
(this is the bottom of page)